Sèt etap pou pèdi pwa konsistan

Siw swiv sèt pa sa yo,nou panse wap jwenn yon pi bon rezilta sou kesyon rejim sa

1.Fè yon rejim ekilibre
Sa sa vle di,li enpòtan pouw manje tout sak bon pou rejim,piga w mete sou kote yon bagay ki nan lis la piske ou pa renmenl,sa pap gen sans.

2.Fè espò
Lè pouw pèdi pwa,li enpòtan pouw fè egzèsis oubyen yon espò ou renmen,konsa wap boule plis kalori nan òganis lan

 

3.Fòk ou konsistan
Pèdi pwa se yon wout ki long se poutèt sa ou bezwen pèsevere epi konsyan de sa kap fèt la san kite objetif ou dèyè,fòk ou konsidere lè pouw manje ak fè egzèsis yo anpil.

4.Jwi manje yo
Manje wap manje yo pa dwe parèt raz pou ou,fè kèw kontan,se chak fwa w pral manje,ou ka ajoute saw renmen anpil ladan depil bon pou sante w tankou:yougout ak gelatin elatriye.

5.Senk manje nan jounen
Sote manje pap fèw pèdi pwa,sèlman lèw pral manje wap vin manje plis epi wap prann plis kalori ke sa pouw te pran nan jounen an,lè yon moun ap fè rejim se lè sa li manje men bagay ki ansante yon ti kal nan chak,konsa lap ekilibre epi li pap grangou fasil.

6.Atansyon ak bwason yo
Depi lè a rive pouw bwè,bat pouw toujou bwè plis dlo kap ede kò a idrate,ak ji natirèl konsa wap gen mwens kalori

7.Konsome kalori wap bezwen
Siw bezwen elimine kèk kilo anplis,li enpòtan pouw gaspiye plis kalori ke saw manje chak jou,kite fwomaj dèyè,kratine ak anpil lòt bagay ankò lè wap fè rejim.