konsèy pou kenbe lanmou pou lavi

Pa fè fay,lè n plis damou,se lè sa nou plis pè pou sa pa kraze.Se yon santiman nòmal,sa pase tout moun,pa gen moun ki vle yon bagay ki bon fini,siw santi moun sa se li ki definitif la,ou konn bagay yo deja”lanmou tankou flè wouze l chak jou”.Li ti konsèy sa yo konsa relasyon w lan ap pi solid.

Koute, gade silans ak respekte pwoblèm fanmi oubyen zanmi
Yon bagay pou evite zen,se pa bay opinyon sou fanmi ak zanmi moun nan,nou pa dwe janm pale nan koze sa yo,menm si nou gen pèmisyon,ou la pouw tande epi gade silans ou paske santiman moun sa gen ak fanmi l oubyen zanmi l sèl li ki konprann li,lap difisil pou yon lòt moun konprann sa kap pase nan mitan yo.Yo gendwa pale apre ou wè yo ap ri yon bagay ou pat janm panse.

Bay tan
Anpil fwa lòt okipasyon pran tèt nou,menm ak moun nan nou pa panse,kòm ou panse l renmen w oubyen li nan kay la,li wè w pa gentan sa pa anyen,sa pa bon,chache aktivite an komen pou w fè,sòti pou nou ka jwi ansanm.

 

Dil ou renmen l
Lè yon moun renmen w ou wè sa ak anpil aksyon,men sa pa vle di pou santiman rete kache san pa gen bèl ti pawòl kap di,li enpòtan pou w itilize yon lang positif,mete aksan sou bèl bagay yo,fè konpliman ak souri.

Wè nou tankou yon ekip
Sipò,menm direksyon,bagay yo ap mache byen si chak moun pap rale kòd la nan bo diferan,pa pran desizyon pou kò w,pase sou tout bagay ki ka kòz nou fè diskisyon.

Pa janm bouke fè sipriz ak moun espesyal sa,li vo plis ke lò.Konprann anvan w jije