Kouman pou netwaye yon tòti?

Ou dwe pran swen bet la ak anpil lanmou epi dousman,itilize yon bwòs dan ak dlo ki pa ni cho ni frèt.Nou konseye w swis konsèy sa yo pouw ka netwaye tòti a san l pa blese.

Pou netwaye yon tòti wap bezwen yon kivèt pou prepare beny lan,plen l ak dlo tyèd ak yon bwos dan ki swa,se sa yo wap bezwen pou bay bèt ou a atansyon.

Retire tòti a nan kaj li,sil sal pwofite netwaye l paske fòk ou netwaye kaj la tou paske lèw fin benyen se la wap retounen mete l,apre sa mete bèt la nan kivèt dlo a kote l pral pran plezi nan dlo a.

Mouye bwòs dan nan dlo tyèd la,pase l nan zòn ki sal nan koki a,mouye l chak tan wap fwote l,pa bliye netwaye chak ti kwen sou koki a kote gras ka kache.

tortuga

Pou okenn rezon pa oblije toto a sòti nan koki li,nan ka li ta sere ladan,respekte dezisyon bèt la,kòmanse netwaye l dousman,si gen kote ou paka netwaye pa fòse fè l,kite ti bèt la anpè.

Apre sa rensel ak dlo tyèd,lèw wèl san gras,mete l nan kaj li,lap tèlman klere,la diw mèsi pou pwòpte sa

Konsèy:
Tòti tè dwe netwaye ak yon bwòs dan apre mete anba dlo,men pa mouye tèt li,pase men sou koki l byen dousman,seche koki l ak papye twalèt epi fè li mache sou papye jounal.

Tòti dlo dwe gen yon akwaryòm pwòp,retire tòti a ladan epi netwaye l,apre sa netwaye bèt la ak dlo dous epi fre.Fè yon jan pouw pa mouye ni touche tèt li.