Saw dwe konnen sou mòd

Ak saw dwe panse lèw nan moman pouw achte rad

Kisa mwen ta dwe mete?
Nouvo reg mòd la,se pa swiv anyen,sak pi enpòtan nan moman pouw achte a se stil ak pèsonalite w,lide a se pou chak fi aprann ekplwate pi bon atitid yo tankou abiye sou fòm yo,laj akasyon,answit pwofite koulè yo,se konsèy prensipal la sa,gen bagay ou pa dwe manke nan pandwi w tankou:pantalon abako ble ak nwa,rad nwa,soulye talon ak pla,chemiz blan,pantalon twal.

Siw gen stil klasik pa kite kè kontan ak modènite dèyè:Konplè ak ideyal pouw mete,eseye chanje modèl ak koulè yo
Tout fi ta dwe gen yon bèl wob nan pandwi yo:Se pa sa selman,yon bèl pantalon,jaket,foula,kosaj ak yon bèl sandal nwa.
Pantalon abako blan:Yo bèl anpil pa mande si se ak yon bèl ti kosaj nwa ou mete l

 

Pye kout:Si w gen pye kout,fok pantalon abako w yo pa twòp laj paske pantalon sa yo ap fèw parèt pi kout toujou
Pantalon anba vant pa sèvi ankò,retire yo nan pandwi w:Li tap pi bon sin ranplase yo ak pantalon ki bay anba kè,si w kout,men si w wo ou ka mete pantalon ki bay sou ranch.

Se pa tout kò ki fèt pou pantalon abako:Siw gen ranch laj ak pye kout,fòk ou evite kèk pantalon
Kolan:Yo dwe itilize ak mayo long oubyen ti wob,piga w janm mete yo ak mayo kout
Moun ki mens anpil:Fòk moun sa fè anpil atansyon poul pa mete jip kout oubyen paske depi jenou l parèt li pap fè bèl.