Ki sekrè koup ki gen anpil tan ansan yo?

Li enpòtan nan yon relasyon pou moun yo travay chak jou,se konsa flanm dife ak ilizyon sa dire anpil ane.Men kèk konsèy nap pataje ak ou,konsa wa mete yo an pratik,konsa relasyon ap nouri chak jou.

Chak jou se yon opòtinite pou fè yon bagay inoubliyab
Siw se yon moun ki montre lanmou atravè aksyon.Ou pa bezwen tann se lè fèt moun nan pouw prepare yon bèl dine pou li,se jan pouw montre moun nan janw renmenl,sa rele renouvle relasyon an chak tanw kapab.

Mwens dram ak plis solisyon
Relasyon an ka gen ti pwoblèm,pifò fwa yo,nou rete ak vye sansasyon diskisyon an,epi nou pa fè efò pou chache yon solisyon.Apre sa,dezyèm etap sa enpòtan pou bagay yo ka amelyore,menm si se piti oubyen gwo pwoblèm ki prezante chak jou.Li enpòtan pouw ba yo enpòtans epi aji ak yo anvan pwoblèm sa yo rive pi lwen.Kominike ak patnè w,pataje lide ansanm,epi rive nan yon akò ak li,sa fondamantal nan relasyon an.Se konsa wa evite gwo pwoblèm epi relasyon an pral pi bon.

 

Salye epi di orevwa
Menm siw prese lè wap sòti,pa janm bliye pou salye ni di orevwa,sitou pa bliye di moun nan ou renmenl,pa janm dòmi fache,menm si nap viv ansanm oubyen lwen,sa se yon jan pou pwouve jan lanmou an fò,ogmante entimite ant ou menm ak moun nan konsa nap dire pou lontan ansanm!

Diskite sou ti difikilte
Si gen yon bagay ou pa renmen pa bliye pa gen moun ki pafè,si gen konfyans nan mitan nou se lè sa pou youn lòt pataje sa nou pa renmen,evite fè gwo diskisyon pou sa pa afekte relasyon an.

Amize nou nan tan vakans
Pi vye bagay kite ka pase nal anvakans poun fè diskisyon,menm si nou ta rive nan yon sitiyasyon konplike,vakans se toujou bèl moman poun demontre lanmou ak sipòte youn ak lòt.Lèn retounen nap plis renmen!

 

Jou pou nou
Pran kèk jou nan semèn nan pou pataje entimite ansanm,chwazi restoran nou pi renmen an poun manje,oubyen gade televizyon ansanm sa bay anpil lasante pou relasyon an.

Pran swen nan maladi
Depi nan grip rive nan sak pi grav,pa gen anyen ki pi enpòtan,lèw panse ak patnèw nan jou difisil li yo,se yon gwo siy sipò ak konfyans.