4 konsèy pou pran swen cheve w nan sezon chalè

Li enpòtan pou w pwoteje cheve a paske sa ka rive lè vakans fini tout cheve w kase kòz ou pat pwoteje l

1.Map pwoteje
Anvan tout ekpozisyon nan solèy,li te mèt nan vil oubyen pwovens,toujou bat pou w pwoteje cheve a kont solèy,poutèt sa achte yon lwil solèy kapilè pwoteksyon ki kont reyon solèy la travèse cheve w pa mande siw gen koulè nan tèt ou ki pral rabi san pwoteksyon.

2.Adopte bon abitid
Ou anvakans pa vre,bay cheve a yon ti repo ak tout chalè cho ou te konn ba li chak 8 jou nan salon pouw al travay,eseye adopte penyen natirèl san fè cho,ou ka trese yo.

8f548237e791f84fafa1db45be1cf789

3.Trete ak reparasyon
Apre yon beny lanmè oubyen pisin toujou gen rès sèl ak klowòsk ki rete nan cheve a,fòk ou lave byen ak yon chanpou dou ki pral elimine tout fatra,apre chanpou a toujou fè yon mask ki pral prepare fib kapilè a pifon,pa janm demele cheve a lèl sèk sa ap rann li kase,toujou fè sa pandan li ak kondisyone a.

4.Adopte yon seremoni bote pou cheve
Menm siw pran swen cheve w pandan tout vakans lete a,siw fè yon jou espesyal pou li nou rete kwè ou pap regrèt paske wap retounen ak tout estrès,kontaminasyon nan lari a chak jou,kreye yon ti tan pouw ka toujou kenbe bote cheve a 365 jou nan lane a,menm si nou konnen 80% pap respekte sa,men pa gen anyen ki enposib ankouraje pwoteje cheve w.