Konsèy pou achte yon pantalon abako

Li pa fasil pou yon moun achte pantalon abako,pou anpil nan nou se yon kochma,se pa yon bagay ki ka rezoud nan 30 minit.Gen kèk sekrè nou dwe konnen lè nap achte yon pantalon poun pa soufri nan mezire.

1.Gwo bouda.
Yon pantalon abako klasik,se ap pi bon opsyon w te ka fè,lap fè fom ou byen parèt

2.Ti tay
Achte yon pantalon ki gen tèt,pa mete pantalon ki rive sou tay ni sak gen pye laj paske yap fèw parèt pi kout toujou.

3.Bouda plat
Pantalon abako paw la se ak pòch li fè epi li dwat,moun ki gen fòm sa yo toujou gen pye yo fen

 

4.Siw gen gwo vant
Toujou mete sak bay sou senti yo,pou kouvri vant la epi achte l yon tay anplis pouw pa pese vant ou twòp konsa wa evite soufri.

5.Siw gen ranch laj
Model kap fèw byen an se sa ki bay sou ranch,pa mete pantalon ki rive sou jenou
Siw gen kèk sekrè,lè wap achte pantalon abako wa fen konnen,jodia se sa nou pote pou ou.