Konsèy pou ou manje byen menm siw prese

Ou ka prese men ou gentan pran yon bagay kap bon pou kò a. Pa manje siw pa grangou. Sa ka rive ou manje yon bagay jis pou moulen bouch ou men ki pa gen vitamin ladan ki pap itil ko a anyen. Jwenn yon manje nòmalman epi nourisan. San okenn eksepsyon eseye chwazi fwi ak legim nenpòt lè.

 

Pa kite grangou mennen w ale atansyon ak gwosè pòsyon manje wap mete nan bouch ou. Pa gen okenn rezon pou w manje anplis ni rapid li te mèt 5 minit pran sanw pou w manje. Evite bwè bwason ki gen sik.

 

 

Ranplase l tou dousman ak yon boutèy dlo, oubyen ji san sik. Chwazi manje ki gen mwens grès. Gen pwodwi ki gen mwens grès pase lòt Pa egzanp, pran yon ti sereyal.