Kijan pou konbat asid pandan gwosès?

Kijan pou n konbat sa?
Kenbe bouch ou idrate
Krache ede kontwole nivo asid la.An reyalite eksè krache se youn nan sentòm asid la paske se jan sa kò a balanse alkalen nan èzofaj ak lestomak la.

Yon jan senp poun ogmante pwodiksyon krache se moulen chiklèt ki pa dous.
Ki Medikaman antiasid ou ka pran pandan gwosès?
Gen konprime pou konbat asid ki ka soulaje malèz sa w pa bezwen preskripsyon Dokte,men toujou sonje anvan pou w bwè nenpòt medikaman fòw konsilte jinekològ ou anvan.

Pa manje vit
Mastike manje a dousman,sa ap ede balanse nivo asid la nan lestomak la,depi manje a byen mastike fasilite dijesyon epi redwi tan pou lestomak la tap fè plen an.

Limite bwè anpil likid pandan wap manje
Pandan gwosès yon moun dwe bwè 8 ak 10 vè dlo,men se pa pandan wap manje pou w fè sa

Manje ki anpire asid pandan gwosès la
Bwason(koka,towo,elatriye)
Chokola
manje ki gen anpil grès
Ji nan bwat ki gen asid
Fèy mant
Tomat ak pat tomat
Manje ki gen anpil asid
Chanje pizisyon w dòmi
Lèw kouche esofaj ou rete nan yon pozisyon orizontal nan yon liy dirèk ak lestomak la,gras ak asid la vin ka sòti pi byen,janw ka fè sa se leve tèt kabann nan oubyen mete anpil zòrye anba tèt ou.
Eske medikaman wap pran ka kòz sa tou?
Gen kèk medikamna ki ka kòz asid nan lestomak,sitou sa yo konn bay pou vètij,tansyon,kalman,depresyon,oubyen opresyon,ak maladi nan poumon.
Toujou fè dijesyon
Pwosesis dijesyon an ka dire 2 jiska 4 èdtan.Evite kouche oubyen fè espò lèw fin manje.