Remèd natirèl pou cheve a ka pouse pi vit

Sèl jan ou ka wè si se vre,se eseye pouw eseye yo

Grenn kontraseptif pou fè cheve pouse pi vit
Sèlman wap gen pou kraze 4 oubyen 5 grenn kontraseptif apre metel nan chanpou a,li pa sèlman fè cheve a pouse pi vit,li fèl pi ansante ak abondan.

Kache pwent yo
Penyen yon jan pou pwent chevew pa sòt deyò fasil,egzanp chignon men fòw pa twò serel,penyen sere yo pa fè cheve yo byen tou.

Masaj
Pou cheve yo ka pouse pi vit,fè egzèsis sa,fwote tèt ou ak pwent dwèt ou,evite fè sa ak zong yo,fè sa chak jou,pandye tèt ou sou pwent kaban nan epi fèl.

curly-hair-1806272_960_720

Lalin
Yo di fòk pwent cheve yo koupe chak mwa,lè lalin nan ap sòti paske sa fè cheve a pouse pi vit

Trese cheve yo chak swa
Yo di lè yon moun dòmi ak chevel lage,li rache anpil,li toujou pi bon poun dòmi ak cheve a trese jis pou evite cheve a rache epi konsa lap pouse pi vit.

Lwil grenn rezen
Pasel nan rasin cheve a,yo fè konnen ke lwil sa aktive pous cheve a.

Lwil kokoye
pou yon cheve bèl,briye epi li aktive pous,li bon yon masaj ak lwil kokoye tyèd yon fwa nan semèn nan

Lwil Maskreti
Li aktive pous cheve a,lè gen plis san nan po tèt la se plis eleman nitritif sa vle di plis cheve a pral pouse

Se pa san rezon nou diw bagay sa yo,jis eseye pouw wè