Krèm pou akselere kwasans cheve

Bè karite se yon sous ki rich nan vitamin ak grès pou po ak cheve,li gen vitamin A,E pou ede cheve a pouse.Syantifik yo pa gen anpil prèv ke lwil maskreti fè cheve pouse vit,anpil moun ki itilize l di li efikas,se yon lwil ki ankouraje sikilasyon san an.

Kijan poun prepare krèm nan?

Engredyan

1/2 tas bè karite
1/4 tas lwil zanmann
1/8 tas lwil maskreti
5 gout lwil romaren
10 gout lwil mant

640px-Sheabutter-virginsheabutter

Pwosesis

mete bè karite a nan yon kastwòl sou yon ti dife byen ba poul ka fonn,epi melanje lwil maskreti ak lwil zanmann,chofe yo menm jan,apre melanje bè a lèl fin fonn ak de lwil sa yo,bwaze l jiskaske li inifòm,epi mete lwil womaren ak mant lan,blende l jiskaske l tounen yon krèm.Mete krèm sa nan yon veso an vit,byen fèmen l,kite l frèt

Aplikasyon

Divize cheve a pa seksyon,aplike l nan rasin nan jiska pwent cheve a.Kite pou 20 minit,siw pap sòti ou ka kitel fè plis tan,apre lave cheve a kòm dabitid.

Krèm sa ka rete yon kote ki fre jiska 6 mwa.