Poukisa gen jalouzi nan mitan frè ak sè?

Jalouzi se yon emosyon nan timoun ki karakterize pè,sa fèl santi lap pèdi oswa redwi afeksyon nan paran yo,sitou manman ki pap tèlman gentan pou timoun kite la deja se plis sou tibebe a lap ye.
Lè yon timoun fenk rive nan kay la,se pa yon bagay ki fasil pou sa kite la anvan,jalouzi a vini tankou yon bagay natirèl lakay Li,santiman sa se yon etap nan vil kap edel gen anpil kapasite tou.

 

Nou pa bezwen bay tèt nou pwoblèm pou konpòtman sa paske se yon bagay natirèl jan nou diw la ki devlope kay timoun nan otomatikman li wè yon lòt moun antre pou pran plas li sa pral chanje anpil atitid nan vil,li pral santil pou kòl pa gen moun kap pran swenl,li pral kòmanse fè yon ekip bagay ki pou rale atansyon moun,lè konsa nou pa bezwen bat timoun nan jis wè yon sikològ avèl oubyen pale avèl,fèl konprann ke frèl la pa vin pran plas li,montrel ou renmen yo tou de menm jan pigaw janm fè diferans pouw renmen youn plis ke lòt.

Rivalizáló-testvérek-4

 

Jan de jalouzi sa yo parèt nan lavi timoun yo sa depan de laj la tou,gen timoun ki nan yon laj avanse lap difisil poul fè jalouzi,imajinew yon timoun 5 lane lap toujou santiw pa renmenl oubyen ou renmen sak fenk fèt la plis ke li bon siw pa siveyel li ka menm chita sou tibebe a.

Fè yon jan pou timoun nan patisipe nan tout aktivite wap fè pou lòt la,menmenl lopital avèw lèw prale poul pa wè sèl ak lòt la wap sòti,menm siw gen anpil fatig nan moman bat pouw pa janm neglije timoun kite la anvan,chache bal yon bon atansyon,gen moun menm jwe yo pa jwe ak timoun nan ankò jis yo lagel sou kont moun epi yo rete sèlman ak tibebe a bagay yo pa konsa,siw pap ka jere tou de li tap pi bon pouw fè lòt la lè premye a pi gran lè sa lap gen plis lespri menm ede la edew ak nouvo bebe a.

 

Lè tout atansyon a se sou yon sèl moun li ye nan kay la,sa vin fè lòt la panse nou pa renmenl ankò,lap kòmanse pa renmen frè a oubyen panse fè tèt li mal paske pou li menm yo pa renmenl ankò epi jalouzi mèt pye la.

 

Ede timoun yo simonte jalouzi sa
Li difisil anpil pouw solèy pouw vin zetwal,se konsa li konplike pou timoun nan wè tibebe sa se pa plas li vin pran men se pito yon lòt bijou ki antre nan fanmi an.Gen kèk bagay ou ka fè pou ede yo pou pa gen jalouzi lè yon lòt moun antre nan fanmi an.

1.Prepare yo pou sa
Li enpòtan kèk mwa anvan w akouche pouw kòmanse ap pale ak timoun nan de frèl la ki pral fèt tale konsa,rakonte sak pral fèt la byen,nan yon lang poul konprann,ou pa bezwenn bal twòp enfòmasyon poul pa twouble jis dil li pral gen yon nouvo ti sè oubyen ti frè kew pral renmen yo menm jan li menm tou fòl siveyel,pwotejel menm jan ak ou,piga li santil mal pa janm gen moun kap vin pran plas li.

2.Chanjman
Si se chanm li an ki pral tounen chanm tibebe a,li bon pouw fè sa depi anvan ou akouche poul pa santi wap retirel nan plas li pouw mete lòt la.

3.Kenbe woutin yo
Lè jou akouchman an rive,pigaw chanje saw konn fè pou li yo,ni lè poul manje,benyen,dòmi,fè yon jan pou anyen pa chanje pou li,si se ak grann li poul fè yon titan pou aktivitel yo pa chanje li tap bon,bat pouw toujou fèl santil alès kòmsi lòt la pat la.

4.Fè efò pouw bal atansyon
Pa bliye pase ti tan avèl,dil lè yon timoun fèt gen kèk bagay ki chanje men sa pa vle di ke se ou nou pa renmen apre sa tout bagay ap vin nan plas yo.

maxresdefault

 

Pou evite grenn jalouzi sa pouse nan mitan frè yo,paran yo dwe aji avèk anpil respè lè yap pale de timoun yo,sa tris anpil lè paran yo ap konpare timoun yo depi tou piti se pa yon bon bagay li ye.