Bon ti konsèy pou lanmou pa janm peri nan viw

Pou ka jwenn lanmou pa rete chita,fòw fè aksyon tou epi lèw gen lanmou an fòw wouzel,anpil atansyon ak obsevasyon pou moun ou renmen an.

1.Pa rèt tan yon gason ki pou vin ranpli vid ou,ou ka fèl ou menm sispan bay moun responsab si kèw pa kontan chache fè bonè tèt ou anvan apre wap wè sakrifis moun bò kotew la ap fè pouw,siw pa fè lape ak tèt ou,ou pap janm ka wè kiyès ki renmen vre.

2.Si yon gason di li pa pre pou yon relasyon,se paske li paka fèl vre,pigaw panse ou pral fèl chanje,respekte sal di a pa antre kòw anba yon moun ki gentan baw verite oubyen li ka yon manti tou.

3.Siw vle geri oubyen sove yon moun etidye enfimye oubyen medsin paske ou pap ka geri yon moun ki plen defo retire sa nan tèt ou.

4.Pa okipew de sa yon gason ap di sou ou,jis fè tèt ou plezi epi fè sa kèw di a

woman-1874729_960_720

5.Yon gason ki pa chache ni fè efò poul konnen kijan ou ye,li toujou gen eskis mèt nan tèt ou li pa entèrese avèw,moun ki renmen w lan pa janm gen eskis li toujou ap fè sakrifis pou wèw.

6.Pou lanmou an ka rete,renmen se yon risk li ye aksepte gen posibilite pou blese oubyen yo ka blesew tou
7.Moun ki renmen an ka vole,kouri,pran plezi,pa gen anyen ki ka kenbe sa

8.Si yap diw poukisa ou renmen moun sa?dil paske se li menm ki li menm e ou se ou

9.Pa janm bliye tèt ou,toujou fè tèt ou bèl,fèw santiw bèl