Manman an bezwen pran swen tèt li tou

Ou menm,kise yon manman,yon fanm,yon moun,ou dwe renmen pwòp tèt ou,ou merite swen ak atansyon.Pouw ap travay epi ou se manman se pa anyen ki fasil,yo pran tout tanw nèt.

 

Ki moun ki gentan pou pran swen tèt li piske lap pran swen yon lòt?
Lèl aswe wap panse ak tout saw te fè pandan jounen an se lè sa ou wè,ou pat janm fè anyen pou tèt ou,sa ka fèw pa santiw byen ditou.

 

Sonje sa ou te konn fè anvan ou te gen pitit,bat pouw retounen viv moman sa yo ankò
Gen anpil moun kite gen anpil bagay pou yo te fè anvan yo fè pitit men se byen domanj lavi a pa gentan ofwi yo sa,nap tou diw lèw gen yon timoun laviw pa bloke la,tout bagay sa yo fè pati nan vi a,gendwa lontan ou te wèw pi anfòm,san vant,ou te gen bèl ti fòm,ou te gen tan pouw fè espò,al nan salon chak samdi,mèt bèl ti rad,ou te konn renmen gadew nan glas,kounyea li genle parèt difisil pouw retounen nan vi sa menm nan glas ou gadew,ou resiyew ak saw wè a.

 

 

Panse de kalite vi ou vle a
Si viw chanje ak anpil travay,selsa nou te ka diw se bliye enpe ladan yo pouw ka panse ak tèt ou,fi a toujou gen anpil travay poul fè men se yon opsyon se pa yon obligasyon pouw fè tout pa bliye ou se yon moun tou,chache tan pouw konekte ap pwòp tèt ou,gen yon ti tan pou tèt ou pa vle di ke se okipe ou pap okipe fanmiw ankò,se ekilibre wap ekilibre bagay yo si non wap tounen yon ti granmoun sou pye,chache toujou kreye titan pouw fè espò,sòti ak zanmiw,fè chevew,zong ou,fasyal,se pa sèl kay la ki pou pwòp fòw bèl tou pa kite chelbew dèyè.Menm siw te gen yon sèl rad toujou lavel pasel penyen tèt ou fè ti zong ou pou kòw siw pa gen kòb pouw al nan salon pa kite pyew blanch chache konn ki krèm ki ale ak pow.

 

Gen plis fi ki soufri doulè bò lenn yo ke gason,sa montre ke sakrifis medam yo ap fè a pa nenpòt bagay,yo fèl ak bon kalite,pa bliye fatig la ka fini ak santew,emosyon w,ak fisik ou,poutèt sa konsantrew nan vi pesonèl ou,li te mèt yon minit panse ak tèt ou sèlman.

 

Lè wap pran swen tèt ou,se chak grenn moun ki sou kotew yo wap okipe tou,imajine siw tonbe malad oubyen mouri tèlman ou pat janm gen tan pou tèt,se tout yon fanmi ki malad oubyen mouri lap ye pa mande si se yon kite tout fanmiw.

 

 

Mete sou kote sa sosyete a ap di,ke sèl swen tèt ou wap pran epi ou neglije fanmiw,panse jan viw pouw ka chache solisyon,chache yon jan pouw fè espò li te mèt 20 minit anvanw benyen.

 

Ou vle gentan pouw pran swen tèt ou?
Enbyen swiv ti konsèy nou yo,ou pap regrèt.