Mennaj mwen pa vle m gen zanmi

Ou gen yon ti tan ak moun nan tout bagay te kòmanse byen men nan dènye jou sa yo sèl jalouzi lap plede fè san ekplikasyon ou kòmanse ap pèdi zanmiw yo.

Sa kap pase?
Chak tan lap pozew yon ekip kesyon,sa wap fè?,ak kiyès ou sòti? elatriye epi lap di pa konfye nan okenn moun ke nan li menm sèl,epi l ap diw li renmenw anpil pigaw pale ak lòt moun men tout zanmiw yo diw sa se yon move bagay li ye.

sak vin pase kounyea ou renmen moun nan ou oblije ap obeyi,ou kòmanse ap pèdi zanmiw yo,ou vin pa kapab ankò ou oblije ap limite l ak zanmi pal tou,yon jan pou nou ansanm sèlman,nou pa rete kwè se yon bagay paske se mal nap fè tèt nou menm si nou youn renmen lòt.

 

Men pa janm gen goumen ak tout sa se jis jalouzi sèlman,fòk sa sispan paske se pa yon bon chemen,pafwa sa ka rive ou vle bay vag.

Nou konnen gen moun ki pa renmen rete lwen zanmi yo,men lèw wè mennaj ou vin ap aji konsa,fòw chache konnen pouw wè si se pa yon bagay li konn zanmi w yo fè epi li pa ta renmen sa rive w tou,premye bagay pouw fè anvanw fache se chache konnen baz pwoblèm nan konsa li ka pou yon byen oubyen pou mal.

1.Gade pouw wè si se pa presyon lap fè sou ou
2.Gade si se pa nan avantaj pal li ye
3.Eske li menm toujou ap pale ak zanmi pal yo?
4.Eske se pa yon bagay li tap fè zanmi w yo wèl?

Renmen pa vle di se yon obligasyon pou w obeyi ak tout bagay moun nan diw oubyen ou vle moun nan fè pouw.