Konsèy pou al fè komisyon ak timoun

Al nan makèt ak yon timoun se yon bèl bagay,men se pa tout fwa ou ka mennenl pa mande siw prese
Sak pi bon ou te ka fè se ale ak yon lòt moun,eseye mande yon fanmi sèvis la,moun nan gendwa pa vle rete ak timoun nan pouw men li ale avèw nan makèt la.

 

Timoun piti sa yo pa respekte anyen,tout sa yo wè fòk yo touche depi ti sirèt jis yo rive touche pwodwi kosmetik,fòk ou konn sa tou,timoun nan ka manyen saw pat janm panse li tap touche a

 

Lèw ale ak yon moun nan makèt la,lap edew achte tout saw te vin pou achte yo,paske moun sa pral edew siveye timoun nan poul pa touche sal pa dwe touche.

 

Sak enpòtan ankò,ou ka fè se planifye jou ak lè ou pral achte a,si wap panse si gen yon bagay ki pase wap jwenn solisyon ou fè yon gwo erè,yon bagay ou pat panse tap rive ka rive sa ka baw yon gwo maltèt.

 

Si timoun nan renmen mache nan makèt la,depiw wèl pa pral fe dezòd,kite mache tan sa wap fè komisyon ou epi dil men a kilè wap tann li ak ki kote nan makèt la lap jwenn ou,dil sil pa ta wèw mande yon moun ki sou kès la oubyen sekirite a pou yo ka relew nan mikwo vin pranl.

 

Si wap siveye l,anplis pouw pran yon taksi oubyen kondwi,li tap mye pouw pa pote anpil bagay ke sèlman yon ti valis ki gen selilè,kle,lajan,ti sèvyèt,dezenfektan,dlo pou timoun lan ak tout ti bagay ou konnen li ka mandew nan wout la
epi abiye nòmal yon pantalon ak tenis,konsa lap pi fasil pouw travèse lari a ak timoun nan,retire nan menl nenpòt ti jwèt ki pa enpòtan poul pa al anbaraze pyew.

 

Ti konsèy sa yo ap edew anpil tou pou siw gen pou al lopital oubyen al fè yon papye avèl.Lòt fwa wap gen pouw sòti ak yon timoun eseye fè youn nan sa yo,wa ekplike nou kijan sa te pase pou ou.