konsèy pou lè wap bwote

Gen anpil bagay ou ta dwe konsidere lèw prale nan yon lòt kay,sitou wap fatige li pap fasil pou w konn kote tout bagay prale.

Moman pou ranje bwat
Pou gen tout bagay pre,fòw kòmanse ap ranje twa semèn anvan jou wap bwote a,chaje nan kisa ou pral mete bagay yo,si se valis ou pral prete oubyen achte bwat tout bagay bon pou fèt anvan dat la

1.Bagay ki pi enpòtan yo
Panse ak jou ou rive nan lòt kay la,siw pa vle dòmi sou kaban san fouwo,dra,sevyèt, ak pijama ou te dwe panse ak sa depi lè wap ranje a,pat,bwòs dan bagay sa yo pa dwe sou zye,fòw toujou chache yon kote pouw mete yo,pouw ka byen leve ak fòs san fatig pouw netwaye.

Kisa pou ranje yon bwat?
Swiv yon lòd,fè bwat chak chann apa pa melanje yo,epi ekri sou bwat la sak ladan,siw pa vle anyen kraze pran papye jounal vlope chak grenn bagay ki frajil yo apa apre mete yo nan bwat la ak bagay sou kote bwat la pou pwoteje yo

Moman pouw demonte mèb
Chak grenn vis ou fin demonte mete yo nan yon ti sachè epi chache yon pòch valis pou mete yo

 

 

Moman pouw pran bis la
Ranje tout bagay byen,anvan tout bagay mete pi gwo mèb yo nan machin nan,apre bwat ki pi lou yo,pou yo ka kenbe mèb yo lè machin nan ap kouri,apre sa lèw fin mete tout bagay mare kèk bagay ou wè ki ka tonbe ak kòd,yon konsèy mete yon patanlon abako ak mayo sou ou kote wap kap bouche pi byen ladan pou lè wap mete bagay yo deyò oubyen retire yo nan machin nan.

Nouvo kay la
Finalman ou rive nan nouvo kay ou a,tèlman gen bagay ou pa konn kote pouw mete yo,se lè yon moun ap chanje kay poul wè valè bagay li te genyen,sa pouw premye fè se monte mèb yo,pran souf epi komanse fè lòt bagay yo,ou pap janm fin ranje nan yon jou.

Moman pou koke
Pou twòp jou pa pase sou bagay yo atè a,chache kote rido ye,pouw ka gentan ranje yo.tablo,foto elatriye.Ranje kèk bagay nan kizin nan,douch depiw wè ou gentan nan kizin ou preske fini paske se bagay sa yo ki konn plis.apre pran chann,salon,ranje bibliyotèk la pouw ka debarase pyew ak bwat liv ki atè nan salon an.
Nou pa konn saw konn fè lè wap bwote,men nou espere ti konsèy sa yo itil ou.