Refleksyon pou moun ki renmen m ak sipòte m

Mesaj pou zanmi ki toujou la pou mwen
1.Nan bon ak move tan yon bon zanmi se mèyè bagay nan mond sa
2.Bon zanmi pa nan pale w mal,yo kenbe w ak de men pouw pa tonbe
3.Yon bon zanmi se tankou pafen,ou pran sant li tout kote w pase,fek zanmi sant li pa rete pou anpil tan

best-friends-friends-friendship-girly-Favim.com-3866562

4.Yon bon zanmi pale w mal sèlman lèl avè w

5.Pa gen anyen ki ankouraje moun viv pase yon bon amitye,li ban nou kè kontan,richès,emosyon,konplisite ak sekirite,tout gratis.

6.Yon bon zanmi ri blag nou bay,menm si yo pa bon,yo tris lè n gen pwoblèm menm sil pa grav

7.Zanmi an pa pèdi lèn paka wè souvan,se lè youn pa panse ak lòt

8.Zanj egziste,yo mache degize tankou moun nòmal,siw jwenn youn pran swen l,gen kèk amitye ki bay kè kontan,kontantman ak lanmou.

9.Zanmi pou toutan vle di zanmi pou lavi se yon gwo bagay se pa zanmi jiskaske yon bagay pase mal poun pa janm pale,se pa yon zanmi tou ki pou ap pale w mal lèw pa la.

10.Bon zanmi yo se tankou liv,yo pa bezwen anpil jis depil orijinal,bon,enteresan

Gen moun ki rive nan vi nou epi li tranfòme l,yo se zanj sou latè paske yo ka touche nanm nou ak yon konsèy,api,soutyen,lanmou elatriye.