Ras chat ki pi karesan

Gen lòt faktè ki antre nan abitid ak konpòtman bèt la,gen ras ki pi karesan ak sosyab ke yon lòt chak se yon mond pouw dekouvri epi ekplwate.

Si w bezwen konpayi oubyen wap viv nan kay ak timoun piti li tap bon pouw chache yon chat ki karesan epi gantil,nan moman pouw viv ak li a lap pi fasil pouw pataje yon kay ak yon chat karesan ke yon chat agresif.
Se vre chat yo se bèt ki endepandan,men gen ras ki bezwen Konpayi ak afeksyon mèt li poutèt sa nou pral diw ras chat ki pi karesan ki egziste yo.

1.CHAT PERSA
Se yon chat yo rekonèt pou plim long epi swa li yo,anplis li gen yon pèsonalite kalm,se yon bon ras pou yon fanmi ki pa renmen sòti.

images (1)

2.CHAT SIAMÉS
Se pasyans ki defini chat sa,li ideyal pou yon fanmi ki gen timoun,se yon chat ki gen lanmou espesyal pou timoun,epi yo gen preske menm Konpòtman ak chen.

descarga (2)

CHAT RAGDOLL
Se yon chat ki gen cheve long epi swa ak je ble,plim li yo founi epi ten nwa nan tèt,zorèy ak pati nan ren an,anplis li se yon chat atiran paske l bèl ak karesan,li sanble yon poupe lè moun kenbel.

254px-Ragdoll_from_Gatil_Ragbelas

CHAT BIRMANO
Se yon chat ki jantil,sosyab,karesan,trankil,li bezwen atansyon ak lanmou mèt li,li aktif

17burmese cat

CHAT SCOTTISH GOLD
Se chat zorèy yo tonbe epi ti pat yo kout ke tout lòt ras yo,li janti karesan,dosil,li bon pou yon moun genyen l nan kay,li fè yon moun konfye nan li rapid se poutèt sa yo mete l nan lis chat ki pi karesan.

nz_pets.11265.2

CHAT BOMBAY
Se yon chat nwa ki gen anpil lanmou pou mèt li,yo pa rele menm jan ak lòt yo,jis yo gen yon ryèl ki sanble

cat-195256_960_720