Rezon ki fèw paka pèdi pwa

Se vre rejim ak egzèsis se kle pou pèdi ak mentni balans pwa kò a.Si w ap fè yon rejim alimantè an sante ak egzèsis regilyèman men ou pa janm pèdi pwa,gen yon bagay ki pa mache.

kèk nan rezon sa yo ka kòz ou paka jwenn rezilta:

1.Pa dòmi ase
Dapre yon etid,yo remake moun ki paka dòmi oubyen dòmi mwens ke 5 èdtan,gen yon metabolis pi lan,òmòn grangou li yo afekte,yo vin fèl manje plis.

2.Konsome sik kache
Sik kache yo ka kotew pat menm panse pa mande siw manje bagay sa yo an kantite tankou:sereyal,ji konsantre,karamèl,sirèt elatriye,lè yon moun ap pèdi pwa fòk gen eksepsyon nan manje yo.

3.Konbyen kalori ak eleman nitritif ou pran?
lè yon moun ap pèdi pwa li ta dwe manje mwens kalori,nan sans sa ou dwe panse ak kalite non kantite.

candy-1307565_960_720

4.Pase twòp tan chita
Stil vi chita se youn nan bagay ki fè moun gwosi anpil,ou ka di pa gentan poum fè egzèsis men nou rete kwè se volonte ki pa genyen,depi gen volonte ap vin gentan,yo rekòmande yon moun ta sipoze fè 30 minit espò pou pi piti chak jou,li ka mache,kouri,monte bisiklèt,ak lòt moun.

5.Pa gentan pou kwit manje
Se pa tout moun ki gen anpil tan paske gen travay,lekòl,pitit,ak mari,men nan tout bagay sa yo viw pi enpòtan,si se depi aswe pouw prepare sa pouw fè a pa ezite,pouw ka toujou gen manje pouw manje,pwofite chak ti tan lib kew rete wap gade televisyon,ou tap gentan fè manje ke pouw rèt chita ap gadel.

6.Ou pa konsome kantite asid gra esansyèl
Nan dènye tan sa yo,pou yon moun pèdi pwa li oblije lènmi ak grès,menm si gen anpil pwodwi ki vini ki pa gen anpil grès ak tout sa obezite a ap monte,erè yon moun ka fè lè lap fè rejim se pa manje grès ditou,gen lwil ou paka pa mete nan rejim nan tankou lwil pwason,lwil nwa

oil-316591_960_720