Egzèsis pou kòmanse jounen an ak enèji

Menm sil parèt difisil bat pouw konsakre 15 minit nan matenpouw ka detire kò a,epi pran bon enèji

Ak senk egzèsis sa yo,li pral pi fasil.

Metew ajenou sou yon ti kapèt,epi apiye menw atè a nan lajè zepòl la,separe jenou w lajè ranch ou,pandan wap respire detire dow pa devan epi gade devan,lèw fè sa konsa poumon yo ap vin vid,antre vant ou,mete tèt ou pa andan gade lombrit ou.

pilates-1950971_960_720

 

Kouche sou do,double pye apiye plant pye a atè a,detire men yo bò kòw,pla menm yo pa anba,desan manton an tou piti,pandan wap respire eseye leve pati sentiw,leve dow tou dousman jiskaske ou rive fòme yon liy dwat.

 

Kouche sou vant,detire tout kò a,mete menw sou zepòl ou ouvè dwèt yo,respire moute ti kras pa ti kras tèt ak pwatrin ou byen louvri yo,apiye koud ak ponyèt la an paralèl,gade devan ak siveye tèt ou poul pa desan nan mitan zepòl yo.

 

Apiye genouw ak menw atè a,apiye pye ak dwèt yo atè a tou,epi men yo yon ti gras pi devan ke zepòl la,respire epi desann talon pyew atè sanw pa double jenou w ak koud ou yo.

 

Kanpe detire tout kòw,separe pye yo nan nivo ranch ou,mete menw devan pwatrin ou,gade pa devan,leve pye gòch ou anlè apre glisel sou pye dwat la pa andan kitel nan nivo jenou an,ouvè ranch ou byen,mete men sou tèt ou fè sa pandan yon minit apre fèl ak lòt pye a.

cropped-yoga-tree