Sak fè n ka santi lè yon moun ap gade n fiks?

Anjeneral nou toujou ap cheke pozisyon tèt ak je moun nan pou nou we si se nou lap gade tout bon.Kijan nou wè sa?
Menm si gade sa ka yon entimidasyon,admirasyon oswa konpasyon,otomatikman nou we sa nap etone kòmsi nou te gen yon sizyèm sans.

Lè nap panse si yon lot moun ap gade nou,sa ka vin yon bagay natirèl,sitou lè moun nan paka di anyen,li toujou panse yap obsève l,pèsepsyon pa sèlman enplike nan siyal vizyè,sèvo nou jenere eksperyans ki kowenside ak sa nou te wè nan yon moman.

Gen plizyè eleman ki konbine:youn gen pou we nan evolisyon je lom nan,lot la depann sou entèpretasyon,devlopman ak kominikasyon tankou moun sosyab,kijan li sèvi kantou yon mekanis defans ak siviv.Kontrèman ak lòt bèt,blan je moun, konsidere pi gwo,blan je a pèmèt nou detèmine byen vit direksyon nan ap gade a.

 

Si nap gade yon moun anfas,nou ka defini si lap gade agòch,anba,anwo oubyen nou menm tou.Nou pa oblije anfas li poun evalye direksyon li pran ak je l la,nou pa oblije ap swiv je moun nan poun we kote lap gade,vizyon periferik nou an rann kont pozisyon tèt la,ang kò a konnen si moun nan ap gade oubyen li pap gade.

Lang je yo
Nou menm lòm nou sansib anpil pou n gade nan je youn lòt.Lom nan siviv nan koperasyon ak kowòdinasyon nan fè efò youn ak lòt.

Yon moun ki pa bay anyen regle anyen pou li,pa janm swiv si moun ap gade,men se diferan pou yon lòt moun kap viv anba sosyete a nan yon moun kap viv pou moun ap toujou santi epi wè tout moun pote atansyon sou pifò fwa yo ki konn pa vre.