9 konsèy pouw ka yon envite modèl nan yon maryaj

Anpil fwa konn gen gwo enkyetid nan òganizasyon maryaj.Jodia nou vin diw lèw se yon envite se pa nenpòt moun ou ye,moun kap marye yo te ka envite plizyè moun men li chwaziw pou yon bon rezon se poutèt sa tou ou dwe fè kèl kontan.

1.Pa pran anpil tan pouw reponn ak envitasyon an,apwèw fin jwenn envitasyon an ou sipoze fè tout efòw pouw rele moun yo pouw ka konfime si wap la ak siw pap la,pa tann se dènye jou a pouw diw pap vini paske se peye moun nan pral peye pou chak gren tèt,sa bon pouw konnen si se paran moun yo ki envitew se yo pouw fè repons se pa moun ki pral marye yo pouw al ekri,sèlsi se yo menm kite voye envitasyon an ba ou.

2.Toujou pote yon ti kado,ou gendwa pa vle achte souvni paskew pa konn si lap renmenl,men ou ka fè yon jan ou bal yon ti kòb nan yon anvlòp la achte sal bezwen avèl,li te mèt pa anpil se yon benediksyon pou moun kap bay fè efò poun bay,jan Bib la dil la moun ki bay ap vin gen plis.Ou ka fè sa apre maryaj la oubyen 2 jou anvan ,jou maryaj la ap konplike pou moun nan resevwa kado.

 

ivory-and-brown-gift-box-collection-candle-favor-wedding-favors

 

3.Pigaw janm mete blan,paske jou sa se sèl moun kap marye a ki sipoze metel,sèlsi yo ta di tout moun an blan,evite mete rad ki twò kout ak rad kòw deyò,pa bliye se moun kap marye ki sipoze briye jou sa ke tout moun.

 

4.Ou dwe respekte moman seremoni an,pa ri ,pa pale ,pa plede ap ekri mesaj nan telefòn,sòt deyò al pale ak zanmi,pa moulen chiklèt,yo pa janm fòse moun asiste seremoni an,ou gendwa ale ke pouw rete ap fè dezòd.

 

southern-wedding-st-pauls-church-charlottesville

 

5.Pa janm bliye felisite moun marye yo,pa tan se lè yap soti legliz la pouw kouri salye yo,tann yon moman espesyal lè gen plis trankilite gendwa se nan resepsyon an sak enpòtan se pouw pa bliye salye yo,pigaw santiw mal siw wè moun nan manke baw atansyon pa bliye gen anpil presyon nan moman.

 

6.Pa vini ak pitit ou ni mennaj ou fenk genyen an si yo pat diw vin avè yo,nou dwe respekte sa anpil paske nou wè nan peyi nou,moun pa tèlman renmen obeyi ak sa yo di yo,si kat lan se pou ou menm sèl,ou pa dwe mennen lòt moun avèw sa ka rann moun nan deranje lèl vin gen twòp moun kel pat menm envite.Nan resepsyon ka vin gen pwoblèm tou paske gen yon kantite moun yo te envite.

 

7.Pa chanje tab kote yo metew chita rete la jiskaske lè moun komanse leve pou danse oubyen ap fè dezè ou ka chanje pa fè bri,pa rele moun ki lwenw bat pou tout sa wap fè se ansilans.

 

8.Pa anbwase moun kap marye yo pandan diskou a,si sa ta rive se ou ki temwen,pa fè bagay ridikil kap vin fè moun yo jennen,ni vye pòz foto ou dwe fè yo santi yo byen,Pa fè bagay ou pa tap vle moun fèw.

 

9.Pa bwè twòp alkòl,sa ka vin rann ou dekontwole epiw kraze maryaj moun yo.

 

Nou panse siw mete ti konsèy sa yo an pratik lè yo envitew nan yon maryaj wap toujou rete nan memwa moun yo paske epa tout moun ki gen chans si yo envitel yon kote li rete trankil apre sa li pa janm jwenn pyès envitasyon ankò kòz janl te aji.