Mandarin ak benefis li yo

Nou tout konnen ke fwi sa gen vitamin C ki bon anpil pou òganis nou,epi li evite grip men se pa sèlman sa,li gen Selenyòm tou ki aktive antioksidan ki lave san epi pwoteje selil ki nan kò a.

 

Manje yon mandarin chak jou,se 43% vitamin C wap genyen,ke kò a mande,ou pap fè anpil efò pou sa paske li gou anpil,ou ka pranl janw vle ji oubyen ou manjel konsa,sak enpòtan se manjel epi pran benefis li genyen yo.

 

Men lòt benefis wap jwen siw manje mandarin
Li redwi risk kansè kap devlope nan fwa ak nan tete
Pwoblèm kolestewòl:Li pwodwi sinefwin ki frennen kolestewòl ki pa bon pou kò a epi li pwodwi kolestewòl ki bon pou kò a.

 

tangerina

 

Tansyon:Potasyòm ki ladan fè mandarin nan se yon fwi ki kenbe tansyon moun ba,si tansyon w toujou wo pa pè manje youn chak jou,sa ka rive ou pa renmenl men fè efò a.
pèdi pwa:Se yon sous enpòtan ki gen anpil fib,li fèw pa grangou pou yon ti tan,li desann ensilin nan,kote poul ta pwodwi sik li fèl konvètil an grès,se yon zouti ki ede pèdi pwa.

 

 

Sante pou po:Antioksidan ki nan mandarin nan pwoteje po a kont solyèl,anplis li redwi vyeyès ak tach

Benefis mandarin genyen yo anpil,epi se yon fwi ki pa chè,pa neglije manje youn chak jou.
eskew prè pouw fè alyans ak mandarin pouw ka amelyore santew?