5 konsèy pou lanmou ka dire

Nan ti refleksyon sa nou pral fè ansanm nan,wa chwazi janw ta renmen ye ak moun ou renmen an konsa na viv lanmou sa pou toutan.

Endepandans
Renmen yon moun pa vle di pouw depan de li,ni konnen tout sa lap fè,nan mitan lanmou,chak moun dwe gen ti moman pesonèl yo,li te mèt se al fè espò,moun nan dwe santil lib,dwe gen yon espas ki nesesè pou yo devlope pèsonalite yo.Apre yap pataje ak anrichi youn ak lòt.Sa ap ranfòse sa ki te deja fòme.

Konsakre tan pou koup la
Pa neglije ti moman entim yo,pwoteje relasyon an kont nenpòt bagay ki ka gachel li te mèt sete travay ou,paske si o si fòw kreye yon ti tan pou sa.

17407-a-couple-strolling-in-park-pv

Kalite
Chache konnen ki blag pou nou fè,pa neglije souri tout tan nou kapab li te mèt nan moman difisil chache plis jwa ke fache.

Kanpe kòm yon inite kont pwoblèm
Pigaw yon chèf nan kay la pou bay estrès,pito pote solisyon epi eseye regle tout kalite pwoblèm,ou pa dwe se ou kap pwovoke pwoblèm yo,pa bliye bay anpil lanmou,karès,afeksyon,bat pouw yon konplis nan lanmou wap pataje ak li a.

Kenbe kontak fizik
Pa janm bliye antre nan relasyon entim,menm si nou te gen 50 lane ansanm fòn toujou ap bo poun ka toujou kenbe relasyon an aktiv,san afeksyon gen anpil bagay kap pèdi.