Manje ki rich nan vitamin A

Vitamin A se youn nan eleman nitritif esansyèl ki bon pou kò a,li plen ak benefis pou sante nou,li enpòtan poun mete l nan sa nap manje chak jou,poun ka evite feblès ki ka lakòz pwoblèm nan zo,defans ba oswa difikilte vizyon
Men eskew konnen ki manje ki rich nan vitamin A?

1.Kawòt
Nou toujou tande yap di kawòt bon pou zye ebyen se gras ak vitamin A ki ofri epi kenbe sante zye nou,li amelyore nitrisyon nou epi pote vitamin ak mineral.Prensipal kopozisyon l se beta-karotèn,kise yon vitamin ki favorize sante po,zo,dan ak ògàn repwodiktif yo.

2.Joumou
Yo rich tou nan vitamin A,li konvèti nan yon gwo altènatif nitrisyonèl.

3.Vejetal
Bwokoli,epina oswa chou frize.Menm si yo se sous fibra yo bon tou pou nan vitamin A ansanm ak lòt eleman nitritif ak mineral tankou fè oswa vitamin C,kidonk yo rekòmande manje yo nan rejim alimantè chak jou.

descarga (2)

4.Lèt
Pwodwi letye yo se sous ekselan nan vitamin A ki ka antre nan rejim alimantè chak jou tankou:Lèt,bè,fwomaj,yogout konsome kalsyòm ak divès kalite eleman nitritif ki favorab pou sante nou.

5.Fwa bef
Se youn nan manje ki pi rich nan vitamin A li pote mineral tankou fè,se yon manje ki nitritif anpil,pa bliye li gen anpil gres ak kolestewòl se poutèt sa yo pa rekomande pou moun manje l souvan.

6.Melon,pèch,mango
Nan fri yo sak pi gou nan vitamin A se melon,pèch ak mango,anplis yo pote likid pou kò a
Se pa manje fri,vejetal ak vyann yon sel kou se bat pouw manje yon kalite diferan chak jou konsa ko a ap ekilibre