Konsèy pou lave rad byen

Nou pote kèk ti konsèy pou nou jodia,poun ka konn kijan poun jere rad nou lè nap lave

koulè
Anvan tout bagay nou dwe separe rad yo pa koulè,sa depan ki kantite rad nap lave tou,si nou wè gen anpil rad nou dwe separe yo depi anvan nou kòmanse lave
kijan nou ka separe yo?

Ble ak Vè
Jòn, mawon ak zoranj
Wouj ak nwa
Chak fwa sa posib nou mèt fè divizyon sa a,kidonk pa genyen okenn koulè kap melanje.Apre nou konn kijan poun lave yo deja se toujou blan anvan apre krèm,jòn elatriye.

 

Fè yon revizyon nan rad yo
Yon fwa rad la separe nap bezwen poun tcheke pòch yo poun ka retire nenpòt sa kita rete ladan yo,pafwa gen moun ki menm konn jwenn lajan,pa bliye tache pòch ak zipe zip rad yo pou yo pa pran oubyen chire lòt rad sitou pou moun ki lave nan machin.

Souvètman
Kilòt soutyen,kalson bagay sa yo dwe lave apa san melanje ak lòt rad epi bat pou mete kilòt yo tranpe anvan nou lave yo,si se nan machin nap lave mete yo nan yon sak zòrèy pa lage yo nan machin nan konsa,men yo pa rekòmande moun lave souvètman nan machin paske gen tout kalite rad ki pase nan machin nan ki kite kras tou men ak tout sa gen moun ki kontinye ap lave yo nan machin siw se youn nan moun sa yo ebyen pa lage yo konsa nan machin nan.