5 rezon ki fè yon moun toujou santi fredi

Sa konn rive gen moun ki toujou frèt menm sil pa fè fredi,men rezon ki ka fè sa

1.Mank vitamin B12
Pafwa moun yo panse yo pa dwe manje twòp fè,men gen yon pwoblèm la paske si moun nan manke pran fè se karans nan vitamin B12 lap ye,sa ka kòz moun nan pèdi sansasyon tanperati l,sansasyon nan kèk zòn nan kò a.Vyann se manje ki pi pwisan nan vitamin B12,se poutèt sa vejetaryen yo manje anpil ze,yogout ak fwomaj ranfòse aspè sa.

2. Pa dòmi anpil
Li enpòtan pou yon moun dòmi byen epi fokis sou lè dòmi an,pou òganis lan ka fonksyone byen,fatig kronik ka kondwi ak yon disminisyon nan fonksyònman metabolik la,sa ap fè tanperati a modifye nan nwit lan epi kò a ap gen poul fè anpil efò poul kenbe aktivite nòmal li,nan lè pou moun nan ta dòmi se lè sa jel kle sa pi rèd toujou

3. Manke konsome grès
Yon regim san grès se yon bagay kap fèw pèdi pwa,men li ka afekte tanperati kò a,se poutèt sa li enpòtan pouw manje yon ti grès menm si wap fè rejim,grès se yon bagay ki konble moun epi fè moun nan gen yon tanperati nòmal,imajine yon moun ki manje sèl fri lap toujou frèt paske li manke lòt bagay ki pou ekilibrel.

4. Dezidratasyon
Lè kò a pa gen ase dlo,li enposib pou san sikile nòmal,anpli dlo a pap kab kenbe chalè nan kò a,kòz sa kò a pral chache faktè yon lòt kote poul fonksyone,yo rekòmande pou moun bwè 2 lit dlo chak jou menm si tanperati a desann

5. Move sikilasyonm sikilasyon,apre w fin konsilte doktè,yon bagay ki ka konbat sa,se yon bon egzèsis fizik
Si yon moun toujou frèt sitou nan men ak pye,gendwa se san ki pap byen sikile.