Kijan w netwaye ak blanchi dantèl?

Nou pral diw kijan pouw blanchi ak netwaye yo?fòn fè anpil atansyon paske se yon twal frajil li ye
Wap bezwen?

Pou netwaye:dlo frèt,dlo diri
Bouyi diri a san lwil,san sèl,epi koulel pran dlo a,mete saw bezwen netwaye tranpe ladan pa bliye fòk dlo diri a frèt anvanw kòmanse fè nenpòt bagay avèl,apre lave rad la ak dlo frèt

Pou blanchi:dlo epi sèl
Pou ka blanchi rad la,mete sèl nan dlo frèt,melanje yo byen apre mete rad la nan dlo kitel pou yon titan,apre sa lavel ak dlo frèt.

dress-2073426_960_720

 

pouw ka netwaye dantèl ki ansyen yo:zegwi,twal,fil blan,sak zòrye
Pou lave dantèl ki asyen epi frajil yo,koud pwent yo nan yon sèvyèt oubyen mete l nan yon sak zoryè pou twal la pa chire.

Dantèl yo bèl anpil men fòn gen jan poun lave yo.