Siw pè chyen,fòw chache rekonsilye w ak yo

Eske sa te rivew?lèw te piti moun lakay ou voye w al pote yon bagay ale kay la gen chyen,epi yo diw rèt trankil ou pa bezwen pè li pap mòdew kouw vire chyen an mòdew nan pye,depi lè sa ou pè yo,li te mèt piti nou pa bezwen mandew sil gwo.

 

Anpil fwa mèt chyen yo dwe ba yo prensip menm jan yon paran ap fè edikasyon pitit li paske yo tande e yo obeyi tou,si bèt la pa abitye oubyen gen eksperyans ak timoun se yon bagay nòmal lap evite yo.
Pifò fwa lè yon chyen pa vle an kontak ak yon moun li ranpe epi lap jape fè bak dèyè men chat la li menm se kache lal kache pwoblèm nan seke pifò moun pa konprann sa yo vle fè pase a,plis wap nwi yo se plis wap fè yo vin agresif,siw pa konn yon bèt anvan w pwojè bò kotel,li tap pi bon siw mande mèt li siw ka pase men sou li
Siw grandi ak tout sa ou gen vye imaj sa nan tèt ou toujou.Gen anpil fason ou ka rekonsilye ak yo.

 

Fèl santi li ansekirite paske chyen yo konn lè yon moun pè,yo pran sant pè a
Gade pandan li lwen pouw ka wè kòman li konpotel,siw ka vin pi prel pale avèl epi bal sekirite
Apre sa ou ka avanse pi prel sanw pa touchel

Pwochel tou piti,epi touchel dousman sanw pa fòse bèt la,jiskaske ou fèl vin jwenn ou.