Kisa poun mete nan valiz plaj?

Sou plaj la kesyon stil la konte tou.Dekouvri saw ka mete nan valiz plaj ou pouw ka pi bèl toujou lèw rive.Mòd pa gen fwontyè epi stil pa janm pran vakans men nan plaj.

Gen ki konn renmen pote valiz panye

1.Miwa
Pa jam kite sa dèyè,nenpot kotew prale toujou mete yon ti mivwa nan valiz ou,paske ou pa janm konnen ou ka rive bezwen l nenpòt lè,chwazi youn ki ale ak visaj ou.

2.Linet solèy
Lèw pral nan plaj pa janm kite linèt ou paske solèy la pral cho ou pap ka gade byen,gen linèt tou pou si wap plonje tèt ou anba lanmè a.

1

3.Bous
Toujou gen yon ti bous pouw ka mete bijou yo,lèw retire yo sou ou,pa antre nan lanmè a ak yo,pou yo pa abime,sonje mete yon bèl ti bous ki ale ak koulè valiz ou.

4.Sevyèt
Gen sevyèt ki fèt menm pou plaj,pran yon twal koton yo absòbe plis dlo

5.Sandal
Se pa tout sandanl ki ale nan play,se plis sandal plastik fant zòtèy,evite ale ak sandal ki paka pran dlo depi kotew sòti a,ou ka mete yon bèl ti sandal ki plastik ki ale ak valiz ou

 

6.Rad
Toujou pote lòt rad nan valiz ou,yon ti bout pantalon,yon ti jip oubyen rad pouw ka mete lèw retire dlo lanmè a sou ou.

Se sa yo nou te pote pou nou jodia,nou espere yo itil nou