Ji pou pèdi pwa avwan ak kawòt

Lè yon moun mete fib nan yon ji pou pèdi pwa,se yon bon ide.Eseye ak resèt sa kise kawòt ak avwan,ou ka eseye ak lòt fwi ankò ou pa janm konnen sak ka pase depi se pou pèdi pwa.

Ji pou pèdi pwa yo sipoze toujou nan manje wap manje chak jou yo,sak enpòtan se pouw konnen kisa ki bon pou rejim nan.

Li fasil epi senp,li tap bon siw genyen l sou tap la

oats-701299_960_720

Engredyan

1 kawòt
2 kiyè avwan
Ji 3 zoranj
1 vè dlo

Preparasyon

mete tout engredyan nan yon blendè,ou pa bezwen bouyi kawòt la jis wap rache l tou piti,blendè yo jiskaske l fen apre pasel nan yon paswa,siw vle ou ka mete glas

carrots-1247964_960_720

Ni avwan ak kawòt la tou de pote fib nan viw,ki bon anpil pou netwaye trip ak elimine grès,pou rezon sa kite ji avwan ak kawòt ou dèyè paske ap gen yon solisyon kanmen ak sa wap chache a.