Ki diferans ki genyen ant lèt kokoye ak dlo kokoye?

Siw byen gade wap wè konsistans ak objektif yo diferan.Diferyans ki genyen ant 2 bagay sa yo se
Nan kokoye a nou ka fè lwil kokoye,krèm kokoye,lèt kokoye ak dlo kokoye kote yo diferan lè wap gade yo,men yo pa sanble ak nan gou

Dlo kokoye
Se yon pwodwi natirèl ki sòti andan kokoye vèt ki pa twò règ,yo keyi kokoye sa yo sou 6,9 mwa

Lèt kokoye
Sak fèl diferan ak dlo kokoye a paske se pa yon bagay ou ka jwenn tout swit lè w ouvè kokoye a,ou jwenn li lèw fin retire kokoye a nan po l epi graje l oubyen blende l,li fasil pou fèt,pran nannan kokoye ki sèch la epi graje l oubyen blende l apre koule l nan paswa pa mete anpil dlo pou l ka byen bwès,rezilta tankou yon lèt bèf,li bon pou tout moun,men kòm gen moun ki pa manje vyann yo ka pran lèt sa a san pwoblèm paske se yon lèt vejetal.

coconut-1572595_960_720

Nou paka ale sann pa di w sa krèm kokoye a ye
Li pi bwès ke lèt kokoye a paske se pandan w mete lèt la bouyi pouw fè lwil la epi gen yon krèm li vin fè,gen moun ki konn manje nou pap pè diw li gou anpil,Lwil la menm se jis mete lèt la bouyi jiskaske l tounen lwil apre w ka sere l nan frijidè oubyen yon kote ki pa twò cho.