Kijan pouw wè siw nan bon chemen ak moun ou ye a?

Renmen yon moun pou sa li ye,kòman wap fè konnen fi oubyen gason sa pral konvèti w kòm pi bon moun.Se pa yon fòmil majik,nou asirew yon moun ki gen kalite poul fè w santiw konsa,lap yon moun enkwayab.

Li difisil pou ekplike sa yon moun santi lè li damou,se frison nan tout kò a,fason w panse ak li,panse saw dwe fè pou satisfè l,anvi pouw pale ak li chak ti moman,tout sa ka pwouve ke anpil lanmou,men nan fim nou wè lanmou ak relasyon yo twò ideyalis,kapab yo gendwa paka fè diferans lan byen.

Ou ka we siw tyèd oswa cho kèk nan pwen sa yo

1.Ou marye,eskew pap panse ak ansyen mennaj ou?
2.Ou pa bezwen pale,tèlman moman silans ou ak li yo grave
3.Li fè w santi w byen
4.Nou tout gen yon ti moman fou nan vi nou,men ak tout sa li fè w santiw nòmal,lè w nan moman foli w,li fè w santiw byen lè w tris.
5.Ou kapab ou menm
6.Li wè nan pi bon ak move moman,epi li pa fè opinyon sou ou.Sa pa fè l pè lèl wèw leve nan dòmi oswa tandew ronfle
7.Pa gen fantom nan relasyon an
8.Ou se youn nan priyorite l apre Bondye

 

 

9.Li la lè w bezwen l
10.Li toujou avèk ou lè w bezwen,sanw pa mande l.Lè w gen pou visite yon fanmi lopital oswa gen yon kriz nan travay,li toujou bò kote w pou.
11.Li konprann enpòtans fanmi
12.Li konn sak enpòtan pou ou
13.Li pa janw te panse a
14.Pa gen mo pouw ekplike saw santi
15.Ou pat janm ri konsa
16.Souvan li toujou diw janw gen talan,bèl,entelijan epi fò.Li toujou ankouraje w lè ou bezwen yon fòs.Apre sa,li toujou pwouve w nenpòt fraz lanmou.
17.Ou pansew tap kapab san li
18.Bon lanmou an se lè pa gen depandans youn sou lòt,men se lèw konsyan ou ka rive fè viw san moun sa,men asime kew byen bo kotel epi ou vle fè viw bò kotel.

Nan yon relasyon okenn moun pa chèf se jis kenbe men ansanm poun avanse ak prensip epi respè pou chak nan aktivite sosyal,fanmi,zanmi,elatriye.