Kèk itilite”Listerine”ou pat konnen

Anpil moun jwenn kijan pou yo itilize pwodwi likid sa,menm si li la pou desenfenkte,nou pa kwè ou te panse sèvi avèl jann pral di w yo.

1.kòm deyodoran
Mete ti kal nan yon ti koton epi pasel anba bwa plizyè fwa,Listerine nan konpoze ak pwodwi chimik,ki ka elimine bakteri ki fè depo anba bwa epi se yo ki kòz sant fò ladan.

2.Pou chanpiyon nan pye
Gras ak konpozisyon li yo,li bon pou konbat mikwòb ki bay chanpiyon nan pye,mete pye yo tranpe pandan 30 minit nan”Listerine” epi mete yon ti vinèg ladan pou yon pi bon rezilta.

3.Pou kalman
Pa bliye pwodwi sa gen alkòl ladan,siw paka sipòte lè bèt mòde w ou ka pasel sou ou pou kalme sansasyon pike a,tranpe yon ti koton nan likid la epi pasel sou w.

4.Li konbat kap
Ou pa tap rèt tann ak sa,dapre etid yo fè,yo jwenn si yon moun pase yon ti kal likid sa nan tèt li epi l kitel fè kèk minit ap gen solisyon ak kap yo,konsa wa evite yo anvayi tout po tèt la.

5.Pwodwi kont tach
Sèlman wap jis aplike yon ti kal nan figi w de fwa nan jounen an pou w ka gen yon figi san enpite,apre sa gen lè se nan pase wap tande pale de tach nan figi.