9 manje ou pa dwe manje nan maten

1.pen tranche :anpil moun toujou manjel nan maten swa ak kafe oubyen manba men li pa bon pou kò a paske li pa gen eleman nitritif ni vitamin,epi li fèw grangou rapid lèw fin manjel.

 

 

2.kwasan:kwazan gou anpil men ou pa fèt pouw manjel chak jou paske li gen anpil sik ak grès.

 

 

3.sereyal:li trò lou pou estomak la nan maten sitou nou pa respekte kantite yo di poun manje a kise 30 -45 gr

bowl-1836498__340

4.ji ki pa natirèl:yo gen anpil pwodwi chimik ladan yo ,li tap pi bon siw pran ji natirèl nan maten.

cans-1210402__340

5.fwomaj:li pa bon pouw manje fwomaj chak maten paske li rich anpil nan grès ,siw renmenl pranl yon fwa nan jounen an.

 

6.sosis:evite manje sosis nan maten jeneralman li rekòmande yon fwa nan semen nan li plis pote grès ke vitamin ou ka vin gen pwoblèm dijesyon siw ap plede manje sosis sitou nan maten.

 

 

7.koka kola:li pa pote anyen kom enèji, nan maten ou bezwen pran sik ki pa aji rapid e pa sik kap vin fèw mal , bouje venn ou,koka kola gen sik ki ap bouje venn,atè,kap fèw ipoglisemi.

 

coca-cola-462776__340

 

8.pwason fri:evite manje tout bagay ki gen grès nan maten pa di yon ti kal pap fèw anyen ,siw bezwen pase yon bon jounen li bon pouw manje fri nan maten.

 

deep-fried-fish-1079040__340

 

9.bonbon ak sirèt:pa pran bagay dous sa yo nan maten li ap mye siw pran plis bagay natirèl apre 8 èdtan domi

 

 

ou dwe pran sik men fòk se yon sik ki natirèl se pa yon sik kap vin fèw mal.