Pa kite timoun yo pase anpil tan ak aparèy elektwonik

Sa nou sòt diw la,pa vle di ke nou kont teknoloji seke anpil fwa li vin yon obsesyon pou pifò moun e sa ka vin yon dezas.Lè bagay la pimal se lè nou menm tankou manman bay moun ki pipiti nan kay la yon aparèy elektwonik epi timoun nan pase anpil tan ap jwe avèl.

 

Se vre nou pa kapab viv san teknoloji men li tap pi bon si nou pa bay timoun yo jwe avè yo anvan 9 lane.Nou pral diw poukisa.

 

Li necesè depi piti pouw ankouraje relasyon personèl yo:eskew te konnen sevò yon timoun 2 lane ògmante 3 fwa? sak pi bon pou timoun nan laj sa yo se plis afeksyon paran tankou:bo,anbraze,karès,bagay sa yo konte anpil avèk anpil jwèt,anpil entèraksyon sa ap ede koneksyon emosyonèl li nòmal.
Yon timoun ki grandi nan bagay sa yo,sevòl vin afekte jan mond lan ap bouje a

 

 

Nan ti laj sa yo teknoloji a genere yon adiksyon:Se yon bagay ki difisil anpil pouw kontwole nan timoun piti,lèw fin fèl abitye avèl,paske li fasil pou li,yon bouton li pese sèlman,li jwen tout sal bezwen se pa tout fwa li se yon bagay positiv.

 

kriye:Siw gen yon timoun kap kriye,fache jiskaskel bave lèw retire aparèy la nan menml,pi vye bagay pouw ta fè kòz lap kriye pouw kouri bal aparèy sa ankò,ou pa dwe balil paske sal fè a se prèv adiksyon,fòw kouri reyaji,retirel tou dousman nan menml fè echanj ak yon jwèt,kreyon koulè poul ka fè desen,jwe avèl men pa bay aparèy la ankò wap agrave sitiyasyon an.

Timoun nan ap dòmi pi byen:Yo prouve ke aparèy elektwonik yo afekte somèy timoun yo,evite pou yo gen tout kontak ak bagay sa yo anvanw dòmi ou menm,bat pouw fè yo dòmi ou te mèt fatige jis wap goumen pou lasante pitit ou.

 

Enterè nan lòt bagay:Yon timoun kap pase anpil tan ak aparèy elektwonik sèl benefis kap genyen se rediksyon aktivite lekòl,imajinasyon ak kapasitel visyèl li.
Eta fisik la depan de aktivite:Yon moun ki chita anpil tan devan yon aparèy elektwonik ògmante posibilite poul obès.
Gen anpil bagay ki genyen pou fè timoun yo rete lwen aparèy elektwonik tankou:eksplore lanati,mache deyò,jwe boul, monte bisiklèt,sote kòd.opsyon yo anpil pouw ka grandi timoun yo yon fason ki ansante,jis wap bezwen pouw dispoze tanw pou sa.

 

Pa kite timoun yo sou kont aparèy elektwonik,li ka parèt pi fasil pou ou men sepa mèyè opsyon an sa,fèl kado tanw,se yon gwo kado pou ou plis ke pou li.