Remèd pou maltèt

Gen anpil bagay ki ka kòz nou gen maltèt.

Chanjman nan manje,si yon moun ap fè rejim

Estrès
Manke dòmi
Pase twòp tan sou òdinatè
Fòse zye yo travay
Pwoblèm posti

1.Dlo: Youn nan kòz maltèt ki pi komen yo se dezidratasyon,lèw kòmanse santi premye deranjman se kouri bwè kèk vè dlo epi apre sa kontinye bwè dlo chak tan,yo rekòmande pou moun bwè 2 lit dlo chak jou pouw ka byen itrate imajine yon moun ki pa janm bwè dlo.

2.Fè masaj pou po tèt la,kou,bò tanp,nen: Bay masaj nan zòn sa yo pou san ka sikile pi byen,fè sa ak pwent dwèt yo,kouche sou do epi fè masaj la,pa panse ak anyen jis rilask.

 

3.Glas: Metel yon ti sachè glas sou fwon w,kitel pou 20 minit se yon remèd ki rapid anpil pou maltèt,anplis lap elimine doulè,lap ede san sikile pi byen tou.

 

4.Dlo cho: Tranpe yon sèvyèt nan dlo cho tapel tout nan kouw,fwon w,siw ka benyen ak yon ti dlo tyèd li tap pi bon toujou.

 

 

5.Pafen pou doulè tèt: Nou ka jwenn lwil esans ki gen gran efikasite pou konbat doulè tèt,nou ka melanje lwil esans yo ak lòt lwil romaren,zanmann elatriye.