Siy enfidelite

Pa gen moun ki sove anba enfidelite,chak moun konn yon moun oubyen sa te pase yo tou,kote mari,madanm yo te twonpe yo,li pa oblije fizik,li ka emosyonèl tou.

Poukisa yon moun deside enfidèl ak patnè l?gen anpil rezon pou twonpe depi yon atraksyon fizik jiska yon emosyon,moun ki bouke,ki vle yon bagay nouvo,nan fen an tout moun soufri.

Siy enfidelite

1. Pasyon pou telefòn
Telefòn nan ka yon gwo èd,se pa pouw al chache fouye telefòn moun nan,men gen yon jan li konn ye ak telefòn li ki pap konsa ankò,revize telefòn nan se yon echèk total,ou gendwa wè telefòn nan pa rete atè ankò,li toujou ap chat,menm benyen lal benyen ak telefòn nan,kontwole l byen si yon moun rele l,lis mesaj ak apèl yo toujou vid,elatriye.

2. Nouvo reyinyon nan semèn nan
Li sòti travay pita kounye a,li rete plis ak zanmi l yo oubyen li te pase wè fanmil se konsa eskis la vin ye,toujou gen yon bagay kap pase l,siw ta poze l kezyon lap parèt sispèk paske li difisil pou l jistifye tèt li.

 

3. Relasyon seksyèl la pa menm jan
Jodi demen li gendwa pa gen anvi poul antre nan relasyon ak ou,li difisil poul anviw,li ka dil fatige,li ka ap fè sèks deyò oubyen li gen lòt moun li anvi plis ke ou nan moman

4. Zanmi
Lè yon moun enfidèl,li fasil pou zanmil konnen,se ou menm kap konnen an dènye,sa ka rive li konpòte yon lòt jan ak ou,sa fè lontan yo rekonèt ou,sa afekte yo tou piske yo paka baw verite,yo rete lwen w.

 

Rekonèt siy enfidelite yo
Si apre sa nou diw yo,ou wè lòt bagay diferan toujou nan li,li gendwa ap twonpe w,men toutan ou pa kenbe l pa fè tèt cho,chak moun inik nan chak sitiyasyon,sa ka rive ou ak patnè w fèt pou nou ansanm pa gen moun ki ka koupe kòd sa,konsa tou gen lòt ki ka renmen w,men li gen pwoblèm enfidelite.