7 manje pou goumen ak grès nan laj 40 lane

Pou goumen kont grès yon jan efikas nan laj 40 lane,se yon moman gason tankou fi ap resevwa chanjman nan òmòn yo.Yon etid montre 7 manje ki ka ede nou fè fas ak grès nan kò a.

1.Dlo sitwon
Yon etid montre ke pou yon fi ta bwè ji konsantre nan laj sa,li tap pi bon se dlo sitwon li ranplase ak li,epi diminye nan konsomasyon kola yo ka amelyore sante nan zo ak maladi ki konn atake apre 40 lane.

hot-lemon-water-700_0

2.Fib
Nan yon ti rechèch Britanik yo fè,fi ki gen yon rejim ak fib,epi yo manje amidon nan dejene yo,gen de fwa nan grès la ki boule.

3.Gren len
Li pa rich nan fib sèlman,men nan grès ki bon pou ko a tou,yon etid montre li bon pou diminye sentòm lè òmòn yo ap chanje a paske li gen anpil fib epi li kalme apeti,epi diminye konsomasyon manje.

4.Nwa
Yon etid yo reyalize Ostrali jwenn si yon moun konsome 8 jiska 10 inite chak jou ka pèdi plis pwa ak grès nan kò am,diminye nivo ensilin nan san an.

descarga (1)

5.Piman
Dapre yon etid ki fèt yo jwenn ke apre moun fin manje yon manje pike li redwi nivo ensilin lan,li diminye grès kite konsève nan ko a 32%

6.kannèl
Epis dous sa ka ranplase plisye kiyè sik kap pote kalori vid pou ko a,epi dapre yon etid yo wè kannèl diminye yon ti gras nan kolestewòl ak trigliserid nan san an,li benefis pou sante kadyovaskilè.

7.somon frèch
konsomasyon gwo manje sa pote yon gran kantite vitamin D ak kalsyòm pou kò a,eleman nitritif esansyèl apre 40 lane li anpeche maladi nan zo,yon fi ki gen plis ke 50 lane ki toujou pran vitamin D gwosi mwens apre menopoz li,si manke vitamin D òmòn ki kontwole apeti a,pap ka fè travay li byen.

710

7 manje sa yo ka amelyore viw nan laj avanse sa yo epi eleman nitritif li yo benefis pou lasante ak anpeche devlopman anpil maladi.Anplis yap yo ede kenbe pwa nòmal kò a,amelyore dirasyon ak kalite vi nou.