Viv ak yon chat se yon bon bagay pou kè?

Dapre yon etid yo jwenn ke yon moun kap viv ak yon chat gen mwens chans poul mouri ak yon atak kè epi soufri maladi a tou.Se pa sèlman lanmou yo bay,yo redwi batman kè,retire estrès yo epi yo vin pi kontan
Chat pwoteje kè?

 

Viv ak yon ti chat kelkeswa koulè li ta ye,li ka pote anpil jwa nan kè nou,diminye risk pou yon kriz kadyak ak mwens chans pou soufri yon maladi nan sa a jan nou te diw la,chat la li menm se yon bèt ki bay mèt li anpil lanmou ak afeksyon,kit li grangou obyen vant blen li toujou la poul jwe karese mèt li.

 

 

Kijan chat yo pwoteje kè a menm?

Chat yo ede retire estrès ki kay moun,li redwi ansyete ak tansyon,lanmou chat la pa sèlman bon pou kè
karès yo bay yo se toujou yon bon bagay ki positiv pou sante moun,li fè kè moun kontan menm siw tris janl vire gadew,vole sou ou,li toujou pote yon jwa.

 

Efè pozitif chat yo fè sou kè a konfime pa anpil etid medikal,tankou envestigasyon ki jwenn chat yo ede goumen kont depresyon ak mwens kriz kadyak,anplis ti bèt sa yo fè kè nou kontan lèn tris.