Ki koulè pouw dekore maryaj ou lè prentan?

Jodia nou vin diw ki koulè ki plis ale nan epòk prentan
Prentan se yon bèl epòk pou selebre yon maryaj, paske li fèn sonje yon nouvo jou, epi sitou nan gwo evènman sa.Jeneralman koulè sa yo ale ak lanati,ane sa nou pral wè plizyè bèl koulè tout moun ap anvi gen yon maryaj menm jan avèw.

 

Koulè mant:sak bon seke koulè sa gen yon pèsonalite pwòp ak li,ki ka baw yon maryaj fre epi bèl,ou ka konbinel ak lòt Koulè tankou blan,lò,woz.

 

koulè gri fonse:li sanble yon koulè gason men se yon koulè ki bèl anpil epi swa,ou ka konbinel ak koulè blan,woz,gri pal.

 

 

koulè jòn:jòn se yon koulè ki chofe anpil ou ka konbibel ak woz,blan,ble.

 

koulè blè fonse:se yon koulè boujwazi ki viv ,li gen enèji,li gen tout maji ak distenksyon ou bezwen pou yon maryaj.

 

 

koulè lavand:se yon koulè klere byen bèl,ou ka itilizel pou makiyaj,nan mwens ti detay nan maryaj la ou ka konbinel ak lò,blan.

 

nou espere ti konsèy sa yo itil ou.