Malgre m bèl,m santi m manke yon bagay

Vi a paret pi semp ak yon bel figi,bel souri,men sa pa sifi. Bel fanm toujou ta renmen chans yon fanm led,li gendwa difisil pouw kwe sak bn bote a fet andan,se pa bote objektif,men sak pi enpòtan se sibjektif la,yon bote ki paka ekplike sal pote”sa se yon bagay espesyal”sak fe w rive renmen yon moun,ki fe w konn moun ki atraktif,moun toujou pote atansyon sou ou.

 

Bote sa reflete pa deyo ak yon fos enterye,melanje ak yon atitid pozitif,ak yon angouman nou aksepte jan nou ye a.Men lavi aprann nou renmen lot moun nan plas pou n ta renmen tet nou

 

Gen anpil bagay nan mond lan kap ekplwate tout kalite bagay pou ogmante bote ekterye,gen anpil moun ki pa rann kont vre bote a se enterye li ye natirelman san fose ak sekiite nan tet li,kek bel je pedi pouvwa le yo santi yo pa gen pouvwa nan tet yo,yo paka gade anle menm pa l yo pa solid.

 

Ranfòse idantite nou, epi travay travay sou panse w. Sispann enkyete n pou tras nou kite, plis gade kote nou prale. Kenbe
yon sèl liy sèlman Balanse nou.

Yon bel fanmi,se yon moun ki gen pesonalite,li kwe nan tet li,li renmen ko l ak jan l ye a,yon fanm kap fose fe zanmi,renmen lot moun li vin raz ak envisib.

 

 

 

Yon rad pa bezwen fe w byen tankou yon modèl,jis ou bezwen pou w santi w byen ak ko w epi toujou di mesi pou sa.Byen abiye ak pwovoke moun sa pa fe bel fanm,se yon bagay ki paret kle ke wap rale atansyon.Ajoute atraksyon se soustraksyon elegans,ekse nan satisfaksyon fe yon gason baw mwens vale,sa ap anwiye moun nan.
Yo fi ki trankil toujou gen plis moun deye l yon gason ap toujou dil li bezwen l nan vi l.Pa rete kote yo pa baw vale ni pa kwe yo pap aksepte w pou janw ye a.

 

Ou bon anpil,nan ou sansyel.Renmen tèt ak pran swen tèt ou, andedan ak deyò,toujou bay sak pi bon nan ou a.Pa janm pèdi idantite w oubyen respè pou tèt ou.Yo se atraksyon pi presye.