Mezi prevansyon ak tretman pou chat

Ijyèn se yon faktè fondamantal kote se pa moun sèlman ki bezwen,bèt yon tou fòk yo gen bwòs dan,kabann li,bòl poul manje elatriye.

Pa kite bet la kote lòt ki enfekte oubyen malad,si se li menm ki malad la tou metel yon kote pou kòl jiskaskel geri paske poul pa kontamine.Bèt la ap bezwen byen manje ak bon vitamin kòz defans yo fèb nan moman,sa ap ede anpil nan gerizon an apre poul pa soufri pwoblèm feblès.

 

 

Siw gen plizyè bèt nan kay la,si se youn sèlman ki malad pa kitel kote lòt yo poul pa kontaminel,ou dwe mennen tout kay veterinè men si yo pa gen pyès sentòm,se yon jan pou evite maladi atake lòt sak pa malad la.
Preskripsyon medikaman yo ap depan nan ki nivo maladi a ye,pifò fwa yo se nan bouch,Chanpwen,savon,krèm,losyon oswa sou fòm piki.

 

Pigaw janm rate bay bet la medikaman paske maladi rechite se pi vye bagay,sa rive menm pou moun si lap pran yon medikman epi li vin kanpe sou li,sa ap afekte plis toujou,maladi a retounen pimal ke janl te ye a.
Li rekòmande pou tout moun kap bay bèt la medikaman pou yo mete gan ak kachne pou pa kontamine l,si plim li yo anpil eseye koupe yo pou tretman ka pi byen pase epi jwenn yon pi bon rezilta.