Kijan pou trete pitit mariw oubyen madanm ou?

Toujou gen yon kesyon kap poze,kijan m mte ka viv ak pitit mari m nan?se yon kesyon ki komen nan vi moun kap viv ak yon moun pitit la pa pou li men li pa senp pou reponn,pafwa moun yo pè pou timoun nan pa renmen oubyen pa akseptel nan fanmi an pou papa.

Chak sitiyasyon depan de relasyon timoun nan gen ak paran.Ou dwe konnen se yon timoun oubyen yon adolesan,ou menm se yon granmou,pa janm aji menm jan avèl paske lè yo nan tan sa se bagay timoun yap fè

Men kèk konsèy ki ka edew

1.Respekte relasyon patnè w ak pitit li

Fòk ou pa santi pitit mariw se rival ou,epi bal tout espas ak papal,pa dwe gen konkirans nan mitan nou,plis konsidere l tankou yon pitit konsa lap wèw pou yon manman.

2.Respekte manman timoun nan

Yon lòt bagay ki enpòtan anpil se respè pou ansyen patnè moun nan la,se yon bagay nòmal pou yo gen kontak piske yo gen pitit ansanm,sa pa vle di se nan yon bagay yo ye,epi pa mele nan relasyon yo,si wap fè nenpòt bagay,timoun nan pral vin wè ou kont manman l,li pral rann ou lavi enposib pou viv ak papal.

 

3.Chache entère komen

Pa kite jalouzi kitew fè saw pat vle fè,pa janm pran timoun nan pou yon moun ki mal epi kont ou,gen moun ki konsidere lòt timoun nan pou yon moun ki mal epi pa yo a bon,yap kreye rankin,egoyis nan mitan frè ak sè paske yo pa menm manman se yon bagay enposib men li fèt chak jou epi yo di yo renmen nèg la,sa se yon egzanp ki montre ke pa gen yon gren lanmou pou nèg sa paske se li ki fè timoun sa anvan tout bagay,siw pa renmen timoun nan se kòmsi se li ou pa renmen tou.

4.Pale avèk yo

Anpil fwa nou toujou di,moun paka pale ak timoun nan,men nou pa rete kwè se yon verite,menm si sa yap din yo pa ale ak pa nou yo,nou oblije pale ak yo,bat pouw pa janm pran anyen pesonèl,depil pesonèl ap gen pwoblèm,li pa enpòtan pou wap rakontel vi w,jis pale l de pal,saw ta renmen ye,kijan poul fè fas ak pwoblèm,ekplikel jan lavi a ye

 

5.Pa twò toleran

Se pa chak jou pou jantil ak imoun nan otomatikman li fè yon bagay mal,fòk ou frennen l oubyen di papa l sa pou demen li pa repwochew,se yon erè lap ye sil toujou jwenn sal bezwen,depi papa l pa vlel fè yon bagay pa bal lese pase poul fèl,depiw kitel fèl yon fwa li pral kontinye fèl lap vin yon abitid pa bliye abitid se vis.

Pa gen rezon pouw pa renmen pitit patnè w nenpòt jan ta ye paske se yon moun li ye,chak moun gen santiman yo,pa kòmanse di se manzè oubyen misye ki pa bon men ou menm kijan de vi ou te mennen avèl.