Sa koulè wouj vle di?

Se pa tout moun ki renmen mete wouj,paske li parèt twò vif men gen bagay yo pa janm konnen de koulè sa.Jodia nou pral fè yon ti chita pale.
Wouj la fé moun nan gen konfyans nan pwòp tèt li:kouraj ak yon atitid optimis pou lavi,siksè,viktwa,lagè,san,fòs,aksyon epi reyalize objektif li.Yon moun ki mét wouj se yon moun ki kwé nan tét li anpil,kelke swa koulé li ta ye a,li pa bezwen konn sil fél byen,jis li mete l pou sal santil ye.

 

Se yon koulé aktivasyon:Si yon moun gen depresyon panse ak koulé sa,chache animew epi aktivew pouw ka jwenn anvi viv ou.

 

Nan tout kilti se yon koulé san li ye,dife,san,erotik,sèks,pasyon,plezi,li atraktif anpil se poutét sa nou preske wél tout kote,li rale atansyon.

 

Nan gerizon:yo itilizel pou depresyon,manke apeti,grip,rim sèvo,éstéril,refwadisman,fèblès,fètilite,entesten ak tansyon ba.
Si yon moman ta rive,ou santiw manke fòs pou afwonte yon bagay,fé yon meditasyon ak koulé wouj la pandan wap panse ak pwoblém,epi wap pédi pé ou te genyen an wap repann kouraj ou.

 

 

Wouj la gen bò negativ li tou
li ka ekprime raj,krent ak egzitasyon poutét sa yo pa janm konseye yon moun pentire chanm li wouj paske lap enposel dòmi.Si nou antoure ak twòp wouj sa ka vin kòz nou negatif,irite,enpasyan.

 

Lé yon moun abiye an wouj sa vle di:fé atansyon”mwen la,epi mwen fò anpil,map atake”se yon koulé ki bay yon moun anpil konfyans nan tét li jan nou te diw la,poutét sa gen anpil moun ki itilizel,nan yon fét pa janm gen moun ki preske metel paske li twò atiran,siw pral nan yon randevou pou travay nou pa konseyew metel.

 

 

Pawòl kle koulé wouj la se:
Atraksyon
lanmou
pasyon
dezi
Li asosye ak siy belye epi eskòpyon