Benefis papay

Papay se yon fwi ou ka manje chak jou,se yon sou anti oksidan,vitamin,mineral ak anzim,li gen anpil benefis pou lasante.Li enpòtan pouw konnen benefis bèl fwi sa.

 

1.Li ede konbat konstipasyon,manje papay bon anpil,li te mèt ji a oubyen manjel konsa li estimile mouvman nan trip,anplis li gen vitamin.Òganizasyon Mondyal Lasante rekòmande pou moun pran 30 gr fib pou ka evite pwoblèm konstipasyon epie evite konplikasyon dijestif.

 

2.Elimine parazit nan entesten,gren papay la gen yon anpil anzim ki ka konbat vè ki nan trip yo

3.Li gen anpil vitamin C,fwi a gen 80 miligr vitamin C pou chak 100 gr.

4.Fwi sa se zanmi po,nou konnen se yon bon sous anti oksidan,C,E.Nivo eleman nitritif sa ede pwoteje po a

d061ea66a3a16d504a2ba80a5e3e3498

 

5.Li bon pou zye,li evite maladi zye,katarat,glokòm

6.Se yon bon sous asid folik,li amelyore sikilasyon san,nivel vitamin C ak vitamin E ka ede redwi oksidasyon kolestewòl nan atè.

7.Li pa gen anpil kalori,li ka antre nan rejim pou pedi pwa,100 gr fwi sa gen sèlman 30 kalori

8.Papa geri,li trete enflamasyon ak lòt maladi,kote ki pa gen lopital ni famasi,fèy papay sèvi tankou konprès sou plesi ki enfekte pou ede netwaye ak geri po a.