Erè ki toujou pase paran ak timoun yo

Li enpòtan pou paran konn sou kisa l kanpe pou yo pa fè erè nan moman yap eseye bay timoun nan disiplin
Nou pral diw ki erè paran yo dwe fè atansyon ak yo nan moman yap edike timoun yo.

1.Pa konfonn sa yap fè ak sa yap di

Se erè ki pi komen,sa fèt lè paran yo ap menase pitit li,kote yo pa janm rive akonpli pwomès yo te fè,timoun nan gendwa di lap fèl men li pat dil te pwomèt.

tuvalu-hello

2.Itilize pè kòm yon menas

Pè se pa yon bon zouti pou fè timoun nan aprann sal dwe fè ak sal pa dwe fè,sa pa bon pou pran ap menase timoun nan ak bèt oubyen yon sitiyasyon ki ka mete l mal,sa ap fè timoun nan vin pi pè,lòt fwa lap konpòtel pi mal toujou paske se pa konsa yo leve timoun,ou dwe dil sa poul fè ak sa poul pa fè san ke ou pa fèl pè,menm ou menm li pa dwe pè,pitit ou dwe pi bon zanmiw.

3.Pinisyon pou anyen

Gen paran ki pran plezi pini timoun nan pou anyen oubyen yon pinisyon enposib,menm sil konnen l pap fè l,li ba lil poul fèl soufri,pifò fwa yo pinisyon sa yo pa respekte paske li enposib pou timoun nan fè.

 

4.Manke agiman

Pini timoun nan pou bon plezi pa bon,se yon mechanste sa ye,retire jwèt li nan menml nan lè poul jwe,fèl al dòmi sanl pa gen dòmi,sa se yon jan nap chache poun fè timoun nan rete lwen nou.

5.Twòp bagay negatif

Itilize mo”pa”ak fòs ou dil timoun nan ka dekontraye,yon egzanp:pa kouri,pa fè bri,pa volè sa ka rive timoun nan pa bay sa enpòtans ankò,li pa reyaksyone lèl tande mo sa yo,paske se laj li poul fè sa lap fè yo men depi l pa nwiw li ka jwe,gen paran paske yo paka tande bri yo pa vle timoun nan jwe,ou ka fèl al jwe yon lòt kote oubyen ou menm al dòmi nan yon lòt chanm