4 konsèy pou telefòn ak òdinatè pa andomaje sante w

Teknoloji bon men li gen bò fènwa l tou,sa pa gen anyen pou wè ak ekipman,men se move abitid ak jan nou itilize yo a.

 

Nou pase 700 ak 1400 èdtan chak ane ak yon telefòn bò tèt nou sa koze plis ke yon maladi.Tout doulè sèvikal pa vle di se mal dòmi,telefòn konn fè sa tou.kisa ki pwoblèm nan?tèt yon granmou pese 4 jiska 5 kilo,lèw enkline tèt ou 60 degre nan yon telefòn li bay 30 kilo sou sèvikal la.

 

 

4 konsèy pou pa andomaje sante w ak telefòn epi,òdinatè

1.Mete ekran Selilè,telefòn,òdinatè ak tablèt nan yon pozisyon pou w pa beze tèt ou.Kenbe yon pozisyon ki pap deranjew epi chita byen,do dwat,pye yo nan yon ang dwat.

 

 

2.Yo rekòmande pou itilize plis mesaj vokal ke mesaj tèks,lè wap ekri bat pouw ekri a de men pouw ponyèt ou ka nan yon bon pozisyon,epi sa ap pou redwi andomajman nan men.

 

 

3.Nan ka òdinatè a,li enpòtan poun mete klavye ak souri yo yon jan pou ponyèt la pa femen,apiye avanbra sou yon kousen,metel anba ponyèt la,epi fòk klave a nan pati ki pi anba koud la pou bra ak zepòl yo ka rilaks.

 

4.Pran yon ti repo chak 30 minit epi detire ponyèt ou pouw pa gen chòk
Evite fè tan sou òdinate,telefòn,tablèt ki pa yon avantaj pou nou,nèt la bon se vre men fòn pa itilize bagay yo pou detwi nou paske se nou menm ankò ki ap fini ak vi nou san ke nou pa rann kont.