Solèy la bon pou zo

Nou tout konnen ke kò imen an,modifye chak 10 lane kote tout zo yo renouvle,lè mas kò a ap absòbe vin gen zo tou nèf ki vin fèt a pati de selil osteoblas la,sak ede nan ekilib zo yo.

 

Lè pèt mineral zo a vin pi grav,li pwodwi maladi osteyopowoz,ki se yon maladi sistemik nan zo.

 

 

Twa kle pou kenbe zo yo fò

 

1.Manje kalsyòm:mete kalsyòm nan zo yo atravè yon bon regim,yogout gen anpil kalsyòm ladan,li ka ranplase de vè lèt.

 

 

2.Fè egzèsis:mache trankil pandan yon ti tan chak jou,sa ap ede zo yo fò,epi ansante

3.Pran solyèl:rete nan solyèl 15 minit chak jou,fè tout menw pran solyèl,sa sifi pou yon bon nivo vitamin D nan san,lap bay zo a yon bon kalsifikasyon.